Gid Pou Pwofesè Primè Sou Rediksyon Risk Ak Dezas
Apre kominote entènasyonal la te fini konsakre 1990-1999 ane pou prevansyon dezas nan lemonn, yon bann analiz te fèt epi te pèmèt responsab yo wè ke nou menm lòm gen anpil responbilite nan dezas ki ap rive toupatou sou latè. Pou rezon sa, prevansyon devni poto mitan nan travay pou diminye dega dezas yo ka lakòz. Nan lane 2006-2007 Nasyon Zini te lanse yon kanpay sansibilizasyon sou tèm «rediksyon risk ak dezas komanse nan lekòl». Kanpay sa te fèt pou sansibilize lopinyon sou vilnerabilite timoun yo epi pwoteje yo kont dezas. Menm lide sa fè wè kokenn chenn aksyon ki dwe fet depi nan lekol yon mannyè pou timoun yo konnen kisa pou yo fè devan yon risk oubyen yon dezas. Travay chak pwofesè anpil nan peyi d‟Ayiti pliske peyi-a reyini yon bann kondisyon ki mete nou nan yon eta vilnerab. Vilnerabilite-a tèlman sansib sa dwe mande nou pridan e byen kadre chak mesaj n‟ap bay timoun yo. Gras ak ledikasyon timoun yo, anpil moun ka rive sove lavi pa yo nan tan dezas. Pou kelkeswa sije-a, travay ak timoun rete yon bagay ekstraòdinè. Ale wè pou sa ki gade rediksyon risk ak dezas. Anmenm tan timoun yo ap aprann ki jan pou yo prepare yomenm, yo pap manke transmèt mesaj la bay rès fanmiy ak zanmi yo. Plis mesaj la pase nan kè kontan, se plis timoun nan ka alèz pou pataje li bay kominote li. Si mesaj la byen pase, nou ka atann kominote yo gen plis repondong nan tan k‟ap vini. Annatandan genyen kou sou Rediksyon Risk ak Dezas nan pwogram Ministè levasyon nasyonal peyi-a, esperyans OXFAM GB ak ASB pèmèt nou fè gid sa pou ede profesè klas primè yo menmen ledikasyon timoun yo sou zafè rediksyon risk ak dezas. Nou vle komanse di tout responsab nan ledikasyon fòmèl oubyen enfòmèl ki ap gen pou itilize gid sa yon gwo mèsi. Mèsi tou paske ou wè enpòtans travay ledikasyon sou zafè n‟ap pale la. E nou rete kwè w‟ap ede nou fè pwomosyon sa bò kote lòt responsab ki poko pran konsyans de sa